KAYE PWOVÈB # 4 KWAYANS SE JAKO REPÈT

KAYE PWOVÈB # 4
KWAYANS SE JAKO REPÈT

Pawol sila pote yon mesaj sou reyalite – kwayans – ak esperans.

1. Devan reyalite lavi – pa gen konte sou kwayans ni movèz esperans.
Kwayans se jako repèt – k ap mache konte beke grenn jijiri pou fè kontablite vèsè lesperans.
Sa vle di ke lè ou fè fas ak yon sitiyasyon – w dwe pran an kont paramèt reyalite yo – olye w kite tèt w kouwone ak jijiri kwayans ki pa nan kwaze-pye ak reyalite.
Li enpòtan pou evalye sitiyasyon an nan degre adiyès konpreyansyon.

Menm jan san pèmisyon – san otarizasyon – Bondye Gran-Mistè-a te oze kreye mond lan ak lavi – se nan menm eta despri sila – an entelijans – nou dwe OZE BAY LAVI SANS NAN KREYE ETABLI BON SANS. Ayibobo!

2. Esperans tra-la-la.
– Sa sanble ap di – gen kèk esperans ki san fondman – ki ka parèt tankou ekla blen-glen-deng krizokal k ap briye pou lage n tchouboum nan falèz move esperans.
Li se yon avètisman pou limen reveye konsyans – pou evite gaspiye tan presye lavi.
Kwayans konte grenn jijiri a – se li nou rele : Kwayans tra-la-la.

Anfas yon defi ki kanpe devan n – kwayans pa kenbe – li se jis yon mès-move-mès – k ap trennen pye devan pratik aksyon reyalite lavi.
Se ilistrasyon yon Bondye bon – k ap asiste n k ap nwaye nan grès touman toumante.

Jé klere – an Ensten Entelijans – se referans apwi Mistè lavi enstrimantalize pou n kabre malè – nan aji nan pozisyon kondisyon agreyab ki bon pou nou.
Kondisyon trè senp :
Se OZE POU N OZE pou n kreye Mond lan a limaj ideyal imajinasyon n.
Vrè reyalite se panse planifye – aji selon bezwen nesesite – olye n al pèdi gaspiye tan lavi nan chimen esperans tra-la-la.

Pwofondè mesaj sila – se devlope kapasite an entelijans pou n pa gaspiye n nan chimen movèz esperans – ki se esperans tra-la-la.

Reyalite pa konnen ni ekskiz ni padon.
Jan w vini – jan w aji – konsa lavi ap resevwa. Bondye pap di WAY! Sou itilizasyon don benediksyon lavi ki pote siyati jesyon lizaj kalite Nanm w.
An n reflechi ansanm. Ayibobo!

9 me 2025.
Joseph Pierre Léonard
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Bayakou reklame