PWOVÈB # 5 RENMEN MOUN KI RENMEN W TCHWIPE SA KI PA RENMEN W

PWOVÈB # 5
RENMEN MOUN KI RENMEN W
TCHWIPE SA KI PA RENMEN W

Yon Pwovèb se yon langaj filozofik – ki eksplike fon nan-nan lavi – pou sa ki atantif ki gen ekout ak tande.
Li se yon limyè ki la pou klere gide pa n – nan chimen rezonab.
An n pòte atansyon !

« Renmen moun ki renmen w – tchwipe sa ki pa renmen w »
Pwovèb sila mete aksan sou enpòtans relasyon ki pozitif nan lavi nou. Li konseye n – pou n konsantre sou moun ki pote lanmou ak sipò pou nou.
Epi ! kanpe lwen sa k ap degaje enèji negatif – enèji santi-pipi kap kale pinèz parazit – moun kap viv an vanpi ipokrit.

«Tchwipe Sa Ki Pa Renmen W»
Sa vle di – nou dwe sispann pase tan n ak moun ki pa apresye prezans nou – paske yo ka afekte santiman dousè lavi n.
Donk : li enpòtan pou n chwazi relasyon ki konstwiktif k ap banou sipò ekilib amoni nan chimen atansyon lanmou an pataj.

« Renmen moun ki renmen w – tchwipe sa ki pa renmen w » se yon apèl pou nou revize relasyon n.
Sakrifis chwa desizyon sila ka fè n dekouvri yon lavi pi bèl – pi satisfè. Li raple n enpòtans lanmou ak sipò kole-zepòl ka louvri baryè byenfè trankilite.
Ayibobo!
An n reflechi ansanm. Ayibobo!

10 me 2025.
Joseph Pierre Léonard
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Bayakou reklame