BON TAN BON MOMAN

DAHO-VODOU
Tan ki la – nan tan nou ye la – se pa lòt- se tan pa nou – se moman pa nou. Plenyen ou pa plenyen tan ap toujou pote tan – men se tan pa nou kap pase – kap pase sou nou.
Sa ki pase – pase deja – yo pase nèt – sa yo akonpli yo lese yo pou nou an eritaj – se nou ka mezire ak apresye dezapresye ki valè yo gen pou nou.
Pase – pase deja. Jounen Jodi-a ki pote siyati prezan ak prezans – se tan ki ofri nou lespas okazyon pou nou akonpli zèv pa nou nan lese eritaj pou sa ka ki pote reskonsablite tout demen yo.
Reskonsablite se chay – se sa ki fò ki pote chay.
An nou mete plenyen chita nan yon kwen – nan oze fè sa ki bon pou nou ak pou zòt andan kominote nou yo – andan nasyon an.
Syèl la pa pote doulè ni sikatris nou ni koulè soufrans nou. Menm niyaj pa zafè syèl – alewè pou nou. Men sa ki atantif – entelijan ka toujou tete lèt nan memèl syèl la.
Kè kontan lajwa se pou byenfè nou.
Mizè ki mache ak touman se pou malè nou.
Lavi nou nan men nou ak tout chay reskonsablite nou. Lavi pa konsène ni syèl la ni tè-a ni Bondye.
W vle viv an kokobe – Se w sa konsène.
W vle viv avek kalite richès don diven nati-a plante envesti nan w – se pou byen w.
W vle viv an reskiyè nan mache pliye jenou devan pòt ak devan lotèl etranje – se zafè ki gade w.
Pouvwa lavi w nan men w. Feblès lavi w nan men w. Chwa ak kalite desizyon konsène kalite rèv ak kalite vizyon.
Tan an pa pote ni lendi ni jedi – se pou sa mont òlòj w ap vire sou li menm san rete. Tan kòmansman – tan zero toujou la pou sa ki vle pati sou bon pye.
Deside deside na konstate mèvèy nou ka fè ak jeni richès imajinè imajinasyon nou.
Sa ki vle tann Bondye – tann Bondye. Bondye pa voye pyès moun – pyès vi lavi vin tann li sou latè sou pyès kondisyon. Sa nou vin regle-a – pito nou pran dispozisyon pou nou regle yo nan lespas tan ki aksesib a nou an.
Tout moun kap fè lekti konnen kan lè-a rive pou li tounen paj la – se li pou ki aji tounen paj la pou l ka vanse.
An nou reflechi ansanm. Ayibobo!
19 oktòb 2017.
Joseph Pierre Léonard
Hougan mesaje
Prens d’Aisso de Zè


lien facebook de la publication originale : https://www.facebook.com/pierreleonard.joseph