DAHO-VODOU
PWISANS BENEDIKSYON
Pa sezi – pa etone
Depi n frape – Gran-moun yo la.
Pa sezi – pa etone
Se konsa sa ye.
Ke n konprann – ke n pa konprann
Nou toujou byen eskòte.
Lwa nan Lakou-yo
Se Lanmou – se pwisans pwoteksyon gad.
Don pwisans benediksyon sila
Se Linivè ki mete l – sou kè n
Se Linivè ki mete l – nan pla-men n.
Pou nou blayi Maji Wanga Lasyans.
Se Zansèt nou yo – k ap kontinye veye sou nou nan tout pasaj – nan tout enpas.
Pile – laye vannen :
Nou pap janm pitimi san gadò.
Ayibobo!
14 avril 2025.
Joseph Pierre Léonard
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Bayakou reklame