DAHO-VODOU
TANBOU PA INOSAN
Yon moun ki konn priye avek konviksyon lafwa.
Li deja gen lajwa nan kè l.
Yon moun ki konn danse ak pasyon
Li gen lajwa kè kontan nan li.
Tou sa ki fèt akonpli avek antouzyas
Ak lanmou pasyon
Deja santi ak goute jwisans lavi.
San etonnman
Tou moun ki savoure antouzyas pasyon
Lanmou
Yo se moun espirityèl – ki pote santiman vibrasyon divin pou yo defann pwoteje valè sa yo genyen.
Lè sa – nan kondisyon sila – nou wè moun ki metrize konesans – nan konnen ak konprann pou ki sa Bondye Mistè lavi kreye bèk ak zong.
Depi renmen lanmou nan w – konsyan ou pa konsyan – w se gadyen pwotektè lavi.
Se manyen pou yo pa manyen zé ki anba vant w.
Jan nou wè pèp nou an – malgre tout atak touman k ap pèsekite l
Se ak menm kè kontan antouzyas li konn chante danse – ki fè l – yon redoutab gèrye angaje. Tanbou pa inosan.
Verite-a di : Rete kalm – chita tann jou leve-kanpe. Paske – san detou – nan tout pèp gen yon lame k ap dòmi nan li.
Danje-a – se pa leve l sou nich li.
Ann di ansanm : Pa anmède l ! Pa anmède l!
Loray pa konn negosye.
Se blow blow li rive – li file zeklè.
Sa k ap pich-kannen an – malè li pa wè.
Nou tout konnen – bèf pa pote kòn pou l mete kitèks.
Ann reflechi ansanm. Ayibobo!
8 me 2025.
Joseph Pierre Léonard
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Bayakou reklame