DAHO-VODOU AN NOU REGLE ZAFÈ N

DAHO-VODOU
AN NOU REGLE ZAFÈ N

Si nou gen zafè pou n regle sou latè – se regle l.
Depi n ap mache sou pèmi pèmisiv lòt ak entèdi lòt – nou deja tchouboum.

Nou pa wè ak konstate – vagabon vagabòn relijye ak leta ki nan movez eta – se fini y ap ak nou – nan gaspiye tan presye lavi n.
Yo enstrimantalize sèvo mantal – nan rive kokobe moun lote merilansou laperèz inosans dosilite.

Zafè kondisyon – movèz kondisyon lavi – pap janm ka regle ni amelyore – tanke nou pa rezoud zafè kondisyon sila – nan pije mantal nou – pou ensten entelijans nou ka rive bay bon ji – bon rezistans kalite lavi.

Tout konpòtman atitid kapon feneyan dosilite – nan aksepte sibi fatalite lavi nan egzistans lan – se senpleman paske nou pa mete n – nan wotè dimansyon ensten entelijans nou – pou n rive debarase n – zafè yon Bondye trè bon – trè mechan sinik – ki pa nan amenaje MOUN k ap aji – k ap mennen aksyon ki reponn ak sansiblite lanmou kè yo.

Vrè zafè Bondye-a – se nou-menm ak nou-menm – nan bòn jesyon ensten entelijans nou – nan kenbe nou an ekilib – an amoni avek natiralite nati-a.
Esansyèl la – se rete an amoni an ekilib avek nou-menm – nan aji an konfyans an sètitid nan non ak nan plas Bondye sou latè.

Mission n – se fè – aji yon fason – tou sa ki gen chans kwaze ak nou – ki gen chans rankontre n ak echanje ak nou – pou n louvri Baryè eksperyans nan opòtinite – se Bondye ki rankontre kwaze ak Bondye.

Pa gen yon Bondye lwenten k ap vin akonpli anyen pou nou. Evite tonbe nan chimen egaman movèz-esperans.
Se nou ki prezans manifeste lavi n. Se nou ki evidans – ki gadyen reskonsab lavi n.
Li lè pou n sòti nan sipètisyon laperèz relijyon Marketing k ap gaspiye bon sans lavi n.

Menm jan solèy leve briye san kondisyon ni chantaj – ni menas kondanasyon ou gratifikasyon – se konsa pou leve chak jou djanm vanyan ak tout asirans pwisans nou.

Sekrè echapatwa – pou n retrouve bon sans esans nou – se mete n alabri lapli postiyon bla-blatè florezon Marketing k ap anpwazone mantal lespri.

Nou-menm Vodou – nou alabri entanperi move-tan sila.
Nou konn ki moun nou ye – nou konnen nou vanyan – nou konnen nou an pwisans nan kenbe respè amoni avek elementè nati-a.

Pale n ap pale konsa – se lanmou k ap simaye pitye nan kè n – pou soufran k ap soufri anba men fatalité Marketing.
Devan Badji-a : Nou se Vodou – Nou se Maji – Nou se Wanga – Nou se Mèvèy – Nou Etènèl – Nou se Bondye – Nou se Bondye nan Bondye. Ayibobo!

13 me 2025.
Joseph Pierre Léonard
Gangan Mesaje / ibo thérapeute
Bayakou reklame