TOUT MOUN PÈDI TROUVE
Vire a dwat – vire a goch.
Gen yon vwa ki di m – vire non!
M vire – m vire – sa m wè –
M pa ka pale.
Se wè m wè – m eskòte kon Penba.
Se pa lòt – se pa ni etranj ni etranje.
Lwa Lakou yo ki la
Ki prezante Lakou vwazen vwazinaj.
Verite ki la – ki te toujou la
Ki repran plas li.
Tout moun – tout Lwa pran chante :
Nou se youn – Nou tout se youn.
Rasanble rankontre nan non youn
Se rasanble rankontre nan non tout.
Se refren sila ki te souvan manke n :
JETE BLIYE – RAMASE SONJE.
SE NAN RAMASE SEKRÈ LANMOU YE
SE NAN RAMASE SEKRÈ BENEDIKSYON YE.
Pou jan Tanbou-a pale
Tout moun pèdi trouve nan won.
Se konsa – Alyans lan te siyen sele
Pou tout Pitit Pitit an mil benediksyon.
Ayibobo!
17 me 2025.
Joseph Pierre Léonard
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Bonjour reklame