AN N RELE SOU KÒ N
An n rele sou kò n.
Tout jan sa ye – souke kò n.
Otantisite lavi – pa negosyab.
Mistik divinite n – pa negosyab.
Nou se Moun ki Moun tout bon.
Nou konn sa – Linivè a konn sa.
Aranje n – pou n viv an reskonsab.
Ayibobo!
Nou se Vodou – Vodou-a pou nou tout.
Pa kite zòt – avegle n sou reflè enpresyonnman.
Vodou-a pou nou tout. Nou ka viv li – jere espas sakre n – sou vibrasyon lanmou ritmik kè nou.
Nou se aktè sèvitè – ki la pou mete n an sèn anba pwojektè reyonnman kalite richès mistik imajinasyon n
Pa gen pi Vodou pase Vodou. Tout Vodou se Vodou – tout Vodou viv Vodou an Vodou.
Tout kenèp se kenèp – yout kenèp pa gen menm gou.
Chak chen niche sa ki pou li – selon pozisyon satisfaksyon l.
Tou sa Mistè-Kreyasyon an kreye – li toujou pote antyète l nan li.
Solèy la antye – chak planèt – chak zetwal antye.
Grenn mango – li antye.
Grenn sitron – li antye.
Grenn sab – li antye.
Tou sa ki la egziste – pote enèji vibrasyon l an antye.
Yon gout
dlo lanmè sifi pou prezante reprezante salinite loseyan.
Tou sa vle di an sètitid : Nou tout nou antye nan jenèz semans prezantasyon n.
Depi n sezi valè dimansyon sila – Absoliman nou alabri tout fòm enpresyonnman ak manipilasyon.
Pa gen pyès jès apwòch Marketing kap ka tchake n – ni fragmante n an sesi-sela.
Paske ak sètifikasyon diven divinite n – Nou se totalite nou-menm – Nou se totalite Vodou Etènèl la.
Solèy pa janm nan plenyen ni nan fè chantaj ni ofri pwomès chire-pit kap kwafe dekwafe ilizyon.
Nou ka apresye renmen lòt – men jamè – jamè sèt-fwa jamè – nou pap kite toubiyon enpresyonnman marketing pote n ale.
Paske Vodou kanpe nou vanyan – Vodou kanpe nou djanm.
Lè n pa pale – se pa bèbè nou bèbè – se obsève n ap obsève – n ap pran nòt – pou bon planifikasyon – bon aksyon – bon rebondisman. Ayibobo!
An n chante : Nou mare yon lalo – way-yo.
Yo mèt sote ponpe n ap pran yo. Ayibobo!
18 me 2025.
Joseph Pierre Léonard
Gangan Mesaje / ibo thérapeute
Bayakou reklame