O patat ! O Bondye !

DAHO-VODOU
O patat ! O Bondye !

Maten an mtap kale kèk patat – m koumanse pa youn pou m fini nan dènye-a. Se konsa m mande m – gen yon malè – gen yon pwoblèm ki poze – ki jan fè gen yon premye – gen yon dènye nan kale patat la. Premye-a genlè pat lapriyè – pou se sou li mwen mete kouto anvan. Dènye-a gen plis lonjevite – li genlè te konn lapriyè Bondye anpil – pou malè kouto-a frape li an dènye.
Bondye parèt sou mwen – li dim : <Léonard ! Léonard fè respè w>. Pa rantre nan stipidite mond lan. Ke se premye – ke se dènye – lavi pote lavi nan tout dimansyon l. Sa ki gen jé se veye kouto egòjè ak bouche. Sa ki pa gen jé se sibi prezans kondisyon konjonkti fatalite lavi. Charonya ak gran-manjè parazit pa janm kriye sou kadav alonje.
Bondye kontinye di : patat kale an premye ou an dènye – depi yo retrouve yo nan menm chodyè – chalè dife ap chofe yo an menm tan sou menm entansite – sou menm frekans. Nan ebilisyon dlo bouyi pa gen konte goutlèt dlo. Nan kondisyon reyalite sosyal ou nasyonal distengsyon se lafimen sigarèt. Depi sigarèt la fini pa gen pouse pretansyon lafimen.
Patat ki vle lapriyè kite yo lapriyè. Tout priyè se lespri Nanm kap pale ak Nanm. Se mistè kap fouye mistè. Nou se mistè – Nou se Bondye – Nou se Bondye nan Bondye. Mizèrikòd se pou lavi – li pa pou enterè nan komès lapriyè ego egoyis.
Bondye di : Léonard ! Léonard rete trankil – moun ki deside viv an patat kite yo viv an patat. Sa ki pa bouyi – se fri yap fri yo. Lavi vrè lavi se nan yon lòt nivo li viv. Sa ki lote an patat – mete yo nan sak patat – jou va – jou vyen yap fini pa epliche yo pou degistasyon bon gou lavi zòt.
Lavi se lavi – li pa nan fini – li etènèl. Mete bon yayad wa wè kalite etènite wap donnen.
Mwen di Bondye – twòp pou mwen – mwen konprann – m pral koumanse byen viv pou m pa rantre nan zafè patat – nan keksyonnman patat.
O Bondye ! O patat !
An nou reflechi ansanm. Ayibobo!
24 oktòb 2017.
Joseph Pierre Léonard
Hougan mesaje / ibo thérapeute.