NAP FILE KON ZETWAL

DAHO-VODOU
Nou fèt pou nou chak ka briye san konfli – san jalouzi tankou zetwal yo kap briye youn akote lòt nan menm syèl la. Ke gen tonè – ke gen Zeklè anba loraj gwonde – zetwal pa janm pote enkyetid ni laperèz. Yo pa konnen nosyon ni langaj rich ou pòv – ni zafè mal ni zafè byen. Yo selman la pou yo briye. Anplis yo pa janm panse mete dantèl ni bwodri ni tafta ni epolèt. Bondye prensip lavi plase yo nan yon misyon ki se briye – yap briye san poze keksyon – san dout jijman tout fòm pretansyon – entansyon pa rantre nan santiman yo ni nan sansibilite entelijans konsyans yo. Zetwal la pou briye – yap briye.
Se konsa Bondye Gran-mistè lavi voye nou pou nou briye an entelijans an deyò tout jijman tout pretansyon tout prezantasyon lòt. Sa nou ye-a – se li nou ye andan mistè misyon lavi nou andan dinamik egzistans lan.
Sezi dimansyon zetwal se libere de tout soumisyon – de tout manigans marketing sistemik manipilatè parazit. Nan yon kondisyon yon pèsepsyon ak yon vizyon konsa menm dlo lave – dlo filtre dogmatik filozofik relijyon mastè-brenn – relijyon bann-desine pap ka afekte nou ni sèvi nou nwizans nan file zetwal byenfè bonè nou.
Otantisite se sèl valè reyèl ki ekziste andan natiralite mistè jenèz li.
Antan afro-jenèz pa gen lòt reyalite otantifye andeyò orijinalite mistè jenèz nou.
Tenèb pa janm nan goumen avek limyè – limyè pa janm nan goumen avek tenèb. Se youn kap alimante lòt. Yo chak gen misyon akonplisman yo san krent – san dout – san sètitid. Paske verite pa bezwen sètid. Verite pa nan panse ni sibi jijman. Verite se verite andan jèm nati natiralite jenèz li.
Depi tan yap di krapo lèd. Kimele krapo ak sa ki di. Depi tan jiska jodi-a krapo rete krapo – li pa janm chache jistifikasyon – ni chache rantre nan pretansyon lòt. Li krapo – li krapo etènèlman andan jèm orijin orijinal mistè jenèz li.
Se konsa Gran-mistè lavi kreye lavi nan mond lan – nan egzistans lan nan enfini enfinite tout letènite yo.
Tout siklòn – tout ouragan gen non nome – se pou di kote yo jwenn non nome sila yo. Sa ki vle kite zòt ap detounen mantal lespri yo anba vye nominasyon – se yo kap pote doulè soufrans yo pou kò yo.
Sa ki ka konprann ya konprann – sa ki pa ka konprann na veye sou yo. Ayibobo !
26 oktòb 2017.
Joseph Pierre Léonard
Hougan mesaje / ibo thérapeute
Prens d’Aisso de Zè