TOLALITO

DAHO-VODOU

Tolalito se vire isit –  vire lòt bò. Se yon kakach liben. Se fé pas sou fé pas san pa gen choute nan gòl. Se fwi reyalite w nan bay pwòp tét pa w manti ak yon sétitid ki rann w danjere pou pwòp tét pa w. Se kouraj temerite nan fos sétitid. Anfen se jwe baskét san panye pou make pwen laviktwa. Se viv pa pwokirasyon. Era – era.

Gen yon jwèt ki fasinan – ki fasil a jwe – moun yo gen tandans toujou ap mande poukisa ak kouman tèl bagay ye.

Tout keksyon sa yo – kenpòt repons yo – yo toujou fè yon tolalito pa yon seri lòt keksyon.

Ki sa ki Vodou-a – ki sa ki Lwa yo ? Eske gen Bondye nan Vodou ?

Keksyon repons sa yo se yon fwit li ye – yon refi konesans nan viv natirèl natiralite sa w ye an vrè – an verite – an absoli.

Zandolit pa janm mande ki sa ki yon zandolit ni kote Bondye ye ni kote li sòti. Li limenm senpleman nan tout limenm – san keksyon repons totalite li anvayi l – abite l nan tout jesyon fasèt lavi l.

Viv sa w ye-a se youn. Aprann etidye sa w ye – se yon lòt.

Yon pye-bwa pa janm nan poze keksyon sou rasin li – menm rasin li – li iyore l. Paske se pa yon keksyon rasin ni fèy-bwa ni pwodiksyon – se yon totalite absoli pye-bwa. Li pa nan konparezon ni nan dout ni nan keksyonnman – li la – epi se li – san li pa bezwen ke l se limenm. Li se li.

Jou na nou-menm tou senpleman na sispann  konpare ak toumante nou nan yon bann pledwari keksyon repons san-fen. Plis nap poze keksyon nan ramase repons – se plis nap gaspiye tan lavi nou – nan pèdi okipasyon bon sans ak vrè sans lavi.

Souvan nan poze keksyon pa gen angajman – pa gen reskonsablite. Se yon fwit entelijan pike devan nan bòn jesyon marketing.

Sa ke nou gen pou nou byen sezi ak konprann – sa nou ye-a nou deja ladann – nou anplen ladann – se sa nap viv – se reyalite nap viv la ki abite nan nou kon yon viris pandan kò nou ak mantal lespri nou ap mande gerizon akoz enèji viris deranjan kap deranje nou kap fè dega nan nou – nan lespri Nanm nou.

Vrè konesans lan – vrè pouvwa egzistansyèl la – se nan natirèl natiralite orijin orijinal la li ye. Tout lòt zafè se bat kò nan brase touman latouman.

Mango vèt kon mango mi ap fini pa pouri. Tout maji lesperans byenfè l chita nan grenn mango-a kap toujou rete natirèl. Lavni verite mango-a se nan grenn li tout mistè lesperans li chita.

Latè antere tout mò – tout kadav – paske li konnen pa gen anyen ki ka denatire l. Ke w ba li dife – ke w bali dlo – ke w krache sou li – fè madichon sou – pa gen enyen ki ka derasinen esans verite fondman latè.

An nou sispann fé tolalito nan jesyon lavi nou. An nou asime nati natiralite pou nou ka prezans pwisans Bondye mete nan nou – pou nou ka akonpli nou siblim-man.

Sa ki ka Konprann ya konprann – sa ki pa konprann na veye sou yo. Ayibobo ! 8 novanm 2017.

Joseph Pierre Léonard

Hougan messaje

Prens d’Aisso, Bénin