IMITE SE PA VIV

Gen yon seri moun se pa viv yap viv – se imite yap imite lavi – nan imite lòt – nan imite moun kap viv. Se pèdi yo pèdi nan raje – yo pèdi Nan foul – yo pèdi nan wout. Reyalite kondisyon sila toujou kreye gwo pwoblèm mizè touman sou yon nasyon. Lè konsa pwoblèm tèt chaje sòti tout kote – menm kote w pa ta dwe atann.
Jan de moun sa yo – souvan awogans pretansyon yo – yo pa konn pale – yo pa konn reve – yo pa gen ideyal. Men yo konn fè tout jès imite imitasyon lòt. Pawol nan bouch yo pa pou yo. Yo pa gen bousòl – paske yo pa gen wout. Yo pa ni vid ni plen. Viv ou plen toujou pote limyè esperans. Menm esperans yo fo. Makak abiye – yo abiye kon makak. Ensanse ap mache ranpe kokobe – yo mache ranpe kon kokobe. Poutan yo pa fèt andikape. Men yap viv kon andikape.
Se pa viv yap viv – se kouri yap kouri dèyè yon imaj – dèyè yon ilizyon.
Wa di sa sanble ak yon pawol kap desine sa yo rele kolonize idolat fèb despri. Ke yo priye – ke yo pa priye Bondye pa ka ede yo – paske andeyò mistè mistik egregò w – Bondye pap ka rekonèt w ni depoze benediksyon l. Pale ou pa pale – tenasite fèb despri rann li toujou temerè tèlman dife iyorans li byen limen nan boule bwa-chabon lavi l san chodyè l pa chita sou li.
Ala traka pou traka lè traka ap goumen ak tèt li.
Zwazo pa janm tronpe tèt li. Li pa janm mete nenpòt ki nan nich li.. Li konnen enpòtans entimite ak orijin oeijinalite l pa dwe viv nan erè. Forè-a la pout moun – pou tou varyete espès – men pou keksyon entimite pou zwazo gen repo despri nan nich li – sa pa negosyab. Zwazo pa nan imitasyon – alewè pou l ta tonbe nan rasanbleman nan mete enterè l anba lotèl sakrifis zòt ak nan kont bankè enterè pwofi zòt. Lanati natirèl pa nan erè – sof mantale fèb despri ki nan pataje nich li ak sakre sakrifis li. Menm Bondye pa mete nenpòt ki nan nich li – ni li pa janm negosye twonn li.
Sa ki gen twonn ap konprann – sa ki pa gen twonn pap janm ka konprann.
An nou reflechi ansanm. Ayibobo !
2 novanm 2017.