Hougan Ti-Nènè la Pirèd

DAHO-VODOU HOUGAN TI-NÈNÈ LA PIRÈD

Hougan Ti-NèNè la pirèd. Li mouri – lanmò pase sou li – li la pirèd. Sa ki etènèl se wè yo wè lap pase. Misye te konn danse nan yon bann RARA – ane sila se nan tout bann RARA yo li ye – lespri l plane danse nan yo tout.

Se vre – gen anpil moun ki chagren. Gen anpil moun ki dewoute. Esansyèl se ramase vanyan nou pou konsole rezistans frekans nou pou nou viv mistik nou avek Hougan Ti-NèNè ki te moun tout moun. Li te moun tout moun – paske li te moun ki moun tout bon. Sa ki te konnen l – konnen byen depi nou kwaze – nou rankonte – nou wè ak Ti-NÈNÈ nou pa ka ale san anyen – li pap kite pyès moun ale men vid – si li pa ta gen anyen pou li ba w – li pito ramase yon ti-wòch pou l mete nan men w – li pote kè l nan pla men l – li jenere – li toujou pèdi tèt nan yon antouzyasm san limit – nan pataje sa li genyen. Jou yon moun rankontre ak Ti_NÈNÈ gen yon kado li ba w kap abite lespri pou tout rès lavi w – se souri misye nan yon fason majik li limen griyen dan li ba w. Sa rele don natirèl.

Hougan TI-NÈNÈ vanyan etènèl – li la – lap toujou la avek nou nan tout RARA nou gen pou nou danse sou tè beni peyi Ayiti ak tout kote nou pase – tout kote nou ye.

Nèg pa nou – Respè pou w – respè pou tout sèvitè ki te toujou antoure w Hougan TI-NÈNÈ. Kenbe Lakou-a djanm – Lanmò soufle sou vanyan – men li pa ka pote l ale.

Ayibobo ! 7 mas 2018

Joseph Pierre Léonard

Gangan mesaje / ibo thérapeute

Prens d’Aissò de Zè du Bénin