BYEN OBSÈVE

BYEN OBSÈVE
Nap mache – ak ki nou sanble – sa pa vle di anyen. Nou sanble ak sa nou ye – sitou ak sa nou pote nan nou – asireman ak sa nou aksepte ye. Poutan nou ka tou sa nou ta vle. Prezans koulè lavi nou sou latè se namen nou penso-a ye.
Nap pase – se wè yo wè nap pase. Sa ki pi enpòtan – se ki eta-despri ak fòm kalite panse nou pote nan nou.

Nou la – yap gade nou. Nou pa konnen sak nan panse zòt. Zòt mèt panse sa li vle – se zafè pal. Zòt panse yon jan – nou pa dwe panse menm jan ak zòt – nou pa menm – nou pa lote menm jan – nou pa kiltive ni awoze nan menm jaden – anplis benefis enterè nou pa menm – li pap janm menm – li pa dwe janm menm.

Gade reyalite-a an fas – gade listwa-a nan tout fon memwa l. Nap oblije konprann ak konnen aktyalite nan diferans li kap edifye lavni an.
Mache jan nou vle – vizyon ki nan kè nou dwe kenbe sekrè l pou l ka fleri bòn okazyon nan favorablite avni deveni nou.

Nou pa bezwen pè etikèt zòt – tou pwojeksyon ak entèpretasyon yo se marketing.
Nou pa menm moun. Kachiman pa papay alewè pou l ta tamaren. Bondye pote rezon l nan mistè li – se pa pou ryen li kreye divèsite diferans.

Bondye bon ! Ala yon Bondye papa ! Li distenge distengsyon. Verite sila fèb despri pa ka sezi l.
Se ak joumou yo fè soup joumou. Tonè kraze ! Bouyon pa soup joumou – alewè pou l ta tchaka.
Se yon bagay ki rèd anpil – Bondye kreye yon moun total – antye pou moun nan deside aksepte viv an andikape – an moso moun. Yon kondisyon konsa li pa admisib. Sa w ye-a – w dwe asime nan totalite l – nan tout aspè ak nan tout dimansyon angajman w.

Syèl la pa gwonde tout tan – se lè kondisyon yo reyini li fè tande l. Malgre sa li pa janm di sa lap regle – aktivite l toujou rete yon mistè. Kenbe mistè nou fèm – se nan sekrè mistè nou pou nou planifye regle tou sa nou gen pou nou regle. Efikasite se nan silans lespri li boujonnen pou li rive bay bon fwi.
Sou latè se sa ou se pa sa. Tout non asimasyon reskonsablite se katastwòf lavi.
Tribunal – jijman – santans rezilta kondisyon lavi se yon reziltant aksyon vivtalite panse nan konkretizasyon zèv nou.

Bondye antan Prensip Gran-Mistè-a li pa rantre nan zafè moun – nan zafè anyen kap pase sou tè-a ni nan egzistans lan. Bondye pa gen anyen li fè 2 fwa – ni nan rekòmanse – Bondye pa yon aryen-nafè ki ta vin pèdi tan nan okipe zafè moun sou latè ki deja deraye. Moun ka fou – Bondye pa nan foli – alewè pou l ta rantre nan foli moun fou sou latè.
Epi ! Pawol – pawol – moun yo gen pawol pou Bondye – yo abiye l selon enterè yo – selon anbisyon yo – menm selon kapris yo.

Bondye fè Bondye pap pran nan mera koken.
Sou latè se veye zo pou parazit pa konsome egzistans nou.
Sa nap regle-a – sa nou vle regle-a – sa nou oblije regle-a – nou dwe mete nou an disponiblite entejant jé-jale pou nou vanse selon nou-menm – selon etadam rasin sous jenèz prezans lavi nou.
An nou reflechi ansanm. Ayibobo !


29 mas 2018.
Joseph Pierre Léonard
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Prens d’Aïssò de Zè du Bénin