PEYI-A VANNEN ALANVÈ

DAHO-VODOU
PEYI-A VANNEN ALANVÈ

Si pat gen Entènèt – nou pa tap janm konnen sa ki Ayisyen.
Nou dekouvri kalite yo – nou dekouvri defo – nou dekouvri feblès.
Entènèt – rive fè yo wè anba n – nan pèdi entimite bote valè lavi.

Malgre tout malantandi –
Gras a eritaj memwa memoryal nou – nou rive kenbe – konnen fon fondman bon sans egzistans nou.

Jodi-a nou pran – nan yon pa konprann – nan konprann sa nou te plante.
De tout fason – yon jou – lè deside deside – na konnen ki koulè jipon ki anba talatann nou.
Se pa pou ryen kazak karako n – monte drapo tout eskòt nou.

Nan vannen laye – tout bon grenn yo tonbe kon pay – pandan ke – pay la ki triye – ki fè kalite pwodiksyon dechè polisyon n.
Peyi-a vannen alanvè.
Gras a Enèji natirèl Jeni espirityèl Vodou n – ki kreye kite Badji – pou ba nou sipò – ki ede n kenbe kalite esperans – kalite ideyal Rèv nou.

Kote n kwense la – etoudisman kap fè lavi n bat – kon poul san tèt – se yon move moman k ap travèse – pou limen eklere konsyans nou – pou ede n fè bon laye vannen.
Se triye n ap triye – pou distengsyon distenge pran plas li.
Verite Lanmou kouraj detèminasyon – pa janm pèdi Chimen jistis Verite – k ap ede n sakle kiltive fleri bèl flè lanmou – bèl flè lavi pou byenfè bonè n reyone.
Ayibobo!

6 avril 2025.
Joseph Pierre Léonard
DAH MIHINSÉ
Le tou pwisan
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Bayakou reklame