LAYE PWOVÈB # 9 TOUT KALFOU PA MENM

LAYE PWOVÈB # 9
TOUT KALFOU PA MENM

Lavi-a biza – men se nan ki Kalfou nou rive.
Pwovèb ki pote yon pawol obsèvasyon Konstatasyon ak potansyèl sajès li.
Ki ta vle di : Sak rive – rive deja.
Sa w ap viv – li pa nouvo – se la w rive.
Pa kite etonnman pote n ale.
Pa gaspiye tan nan goumen ak tèt nou
Lavi-a gen kwazman – se jis konnen konsyan se ki Kalfou w ap travèse.
Tout Kalfou pa nenm.
Se kounen si w ap travèse sou pwent-pye
Ou an Lwijan-boje.
Tou sa depann – kouman pare tann – chita ap tann w.
Tout moun konnen – prekosyon ki dwe pran nan travèse Kalfou.

Pèspektiv sa-a sou sans lavi – ap montre – nou tout ap pase atravè eksperyans ak defi ki deja egziste nan mitan limanite.
« Sak rive-a – rive deja » – sa vle di tout sa nou ap fè fas – ak tout sa nou ap viv – se yon pati nan yon tan ki deja konstitye. Lavi a gen yon repetisyon kon sezon – nou souvan re-viv eksperyans ki te egziste deja.

Se enpòtan pou nou pa kite etonnman ak sipriz pote n ale sou kouran dezas – nan fè n sòti nan chimen deside.
Lè nou retrouve n nan sitiyasyon ki difisil – li bon pou n sonje – anpil lòt moun deja pase nan menm chimen sila. Nan kenbe vijilans lespri sajès – ki se lespri gad.
Lè sa – yo ka rele n : Brave danje.

« Pawòl obsèvasyon » ak « potansyèl sajès » yo enpòtan pou n konprann ke tout sa ki fèt ap gen yon rezon konsekans. Yo ka sèvi kòm gid pou n konnen kouman n ap konte pa.
Lavi se chimen ki gen kwazman – kote nou dwe konsyan de chwa desizyon n ap pran. Anpil fwa – se pa di ki jan sa fè rive – men se fason nou reponn ak sa ki rive-a – kap defini ki jan de moun nou ye.
Lè sa nou ka chante :
Madigra nou pa pè w – se moun w ye

Refleksyon sila yo – se yon rapèl pou n aksepte reyalite-a jan li vini – jan li prezante.
Jan pawol kontinye ap di l : Sajès li ye Tonton.
Epi tou ! Gen de Kalfou w rive – Kalfou sila rele : Kalfou BYEN-NERE. Se jis plase dodin w pou w chita dodine. Ayibobo!

11 me 2025.
Joseph Pierre Léonard
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Bayakou reklame