DAHO-VODOU SOLÈY PA NAN CHACHE LIMYÈ

DAHO-VODOU
SOLÈY PA NAN CHACHE LIMYÈ

Solèy pa nan chache limyè.
Li se limyè ekleraj lavi.
Li pote bote l nan tout kara reyonnman l.

Pa pèdi tan – nan mache chache Vodou – nan chache Lwa – ni nan chache Bondye.
Se Nou ki Vodou – se nou ki Bondye latè an otorite – se nou ki evidans manifestasyon Lwa atravè dinamik Eleman nati-a – ki natirèl nan nou – andan Maji Wanga Mistè lavi nan Egzistans lan.
San kè sote – Nou se Vodou Etènèl la.
Ayibobo!

Poze ! Poze ! Pa kite Marketing enpresyone n ni enflyanse n.
Nou se Maji Wanga Syans Linivè nan Kentesans diven – divinite n.
Viv sa nou ye – viv sa nou vo andan sekrè mistik nou – pou n dekouvri byenfè bezwen nesesite n.

Ô Lwa o ! Ô Lwa o !
Lè n fin jwenn – na ramase
Na bay nouvèl.
ODJI! ODJI! ODJI ô
Lè n fin resevwa na bay nouvèl
Mèt Gran-Bwa – Mèt Kalfou
Se nou ki Mèt.
Tonè kraze sou tonè kraze:
Se nou ki mèt. Ayibobo!

An n chante :
An ye – an ye !
Depi lapli tonbe n ap jèmen
N ap pouse. N ap bay bon fwi lanmou.

An nou viv – an nou viv
Sa nou ye.
An nou viv – an nou viv
Sa nou ye.
Depi lapli tonbe n ap jèmen
N ap pouse. N ap bay bon fwi lanmou.
Ayibobo!

11 me 2025.
Joseph Pierre Léonard
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Bayakou reklame