NAN TAN NOU RIVE LA-A

DAHO-VODOU

Nan tan nou rive la-a – sa mande anpil atansyon – anpil refleksyon pou nou pa tonbe pi mal nan tchouboum. Se tande m tande – nan peyi Ayiti Toma – Ayiti Cheri gen moun ki leve kanpe sou malfezan detrès yo pou yo lanse yo nan lagè relijyon.

Eske yo konn sa vle di lagè relijyon ki ka senyen souf lavi yo nan yon fratisid kap rann ranje yo nan ran lote sa ki enbesil.

Tonè kraze ! Se enbesil sèlman ki fè gè relijyon. Anplis sa pa ekziste vre keksyon repons lagè relijyon. Moun nan tout kwen latè pa janm fè lagè relijyon ni fè lagè pou Bondye. Yo fè lagè pou biten – pou entèrè klanik – pou enterè ekonomik – pou yo ka gade grenye yo ranpli nan mache vòlè sa ki pa pou yo. Yo fè lagè pou lèt ak myèl ak pen – jamè pou Bondye.

Lè moun ap mache di : Chen renmen zo – ale kwè se vre. Depi w kwè se vre chen renmen  zo – w mèt konne ke w pa la. Pawol sila se yon Marketing li ye menm jan ak tout lòt Marketing yo.

An verite ! An verite ! Chen se vyann li renmen. Yo di li renmen zo – se pou yo ka bali zo – sa ki bali zo-a – li menm lap manje vyann ak konsyans li anpè.

Sa ki pa vijilan – ya rantre sa yo vle nan mantal bwa-tèt yo. Tou sa yo mete nan tèt yo – ya prann pou verite ekzistans lan.

Kote yon moun ki gen bon sans ka ale nan goumen – nan touye lòt – nan fè lagè – nan touye frè ak sè – nan divize fanmi – divize nasyon pou Bondye.

Eske Bondye mande pou yo touye fè lagè pou li – pou l ka jwenn glwa. Nan kondisyon mizè mizerab mizerabilism nap viv lan – li ta pi enpotan pou nou ta mande ki sa ki Bondye reyèlman. Kouman nou ka rejwenn li pou nou viv byen an pè ak an abondans. M pa kwè se nan chimen chimè latouman nou ka kiltive elevasyon devan nou devan  Bondye ou nan Bondye.

Tonè kraze sou tonè kraze ! Imitasyon sila pa sanble avek nou.

Sa ki pi grav la – tout prèt – tout predikatè – tout pastè yo pa di way – paske yo konnen se nan enbesilite pèp la – manje richès ak flanbo ego egoyis yo jwenn gazoy pou bato kapris yo ka ale lwen nan rigòl stati soyal yo ak aparans siksè reyisit yo.

Nan fon kè yo – yo kontan anpil pou derapaj sila-a ta fèt – paske se pou yo lap bon. Sante byenfé lavi popilasyon an pa konsène yo.

Ay !   Dyare sa-a santi movè. Pou pastè – pè – predikatè wè se chimen sa-a pou yo mennen Ayiti Toma – Ayiti cheri nou an.

Sa rele malonèt ! Pou nou ta rantre nan gè relijyon nan goumen touye pou Bondye. Modèl nou vle pran li pa bon. Tonè kraze m ! Li pa bon. Salopri negriye esklavajis itilize l pou yo depèsonalize nou – nan fè nou pèdi moso nan moun nou – se li nou vle pran pou modèl. Sa vle di : Nou pa deside fè prèv dentelijans menm. Olye nou salive bon gou – bon sans lavi – nou prefere tounen bav nan bouch ensanse.

Nan tan nou rive la –  Sa ki rete yon bout entelijans toujou nan yo – nou dwe leve kanpe a wot-vwa pou di non. Jwèt sa pa dwe jwe sou latè Ayiti – Ayiti peyi eritaj libète. Nou di non ! Nou di kanpe la ! Nan tan sa-a – nou pa dwe kite moun sòt gen rezon sou moun entelijan ki moun tout bon. Nou pa mande Bondye goumen pou nou. Nou pap goumen pou Bondye. Se pa pou sa – nan kondisyon gaga sa-a Bondye Bondye – se pa pou sa Bondye banou lavi ak richès entelijans ak imajinasyon. Kote lanmou renmen ye pa gen plas pou betizè ki deside viv nan betiz.

Jan peyi sa-a ye-a  – komsi li pa ka konte sou entelijans pitit li – sou sa ki moun tout bon yo. Antouka – etidye koz mizè mizerab nou – nan konnen si se yon zafè Bondye ki pwoblèm touman nou. Anplis Bondye pa gen relijyon. Bondye se Bondye – si Bondye  nan zafè relijyon tankou ensanse yo – nou ta mèt tou konnen Bondye ta premye ensanse. Kalite refleksyon nou nan men nou sou keksyon repons zafé Bondye sila ki vle fè nou pèdi bon sans nou. An nou fè efò pou nou ta rive wè Bondye yon lòt jan – yon jan ki sanble avek nou natirèlman – spirityèlman – mistikman. Nan rive konnen konprann nou se Bondye – nou se Bondye nan Bondye. Ayibobo !

An nou reflechi ansanm. Ayibobo ! 8 janvye 2018.

Joseph Pierre Léonard

Gangan mesaje – ibo thérapeute

Prens d’Aissò de Zè – du Bénin