DAHO-VODOU VEYE SE VEYE !

Tout sa kap veye – yo anvi – yo vivan nan tout dimansyon lavi. Veye vle di : w reponn a kondisyon prensip egzistans lan. Tandike ilizyon se avègleman. Avègleman se ilizyon.

Ravèt toujou ap veye – sou prezans kondisyon reyalite lavi. Depi li wè lènmi predatè li file an retrè – li abrite l nan plase l an sekirite.

Konnen se konnen – pa konnen se pa konnen.

Konnen ou pa konnen – tout vrè sans lavi chita sou merit. Pa chache plenyen – kondisyon lavi ki abiye w la – se li w merite. Bonè – byenfè – malè ak latouman – tout se merit. Se pa yon keksyon repons : merite se merite. Benediksyon ou malediksyon se pa zafè Bondye – se yon aktyalite rezilta reziltant sa w merite. Vi-a nan tout dimansyon aspè egzistans li – se sou prensip li kenbe. Depi w pa an ekilib – vle pa vle wap bwate – wap tonbe. Rele Bondye jan w vle – depi w pa an ekilib – an amoni avek prensip reyalite lavi : Tonè kraze ! Bondye pap ka ede w. Se rantre nan respè prensip egzistans lan pou byenfè lavi blayi sou.

Marketing se pou fèb despri. Kite yo ale non – kite yo ale nan chimen ilizyon. Lafimen pote anpil pwomès. Mande fimè yo – ya ba w verite-a.
Rat ak sourit konnen jamè ogran jamè yo pa dwe kouche dòmi nan lityè chat.
Tout bèt konn veye. Tout bèt toujou ap veye pou sekirite sekirize lavi yo. Menm marengwen pa betize ak enpòtans prezans lavi l nan egzistans lan. Li rete an pafèt amoni avek reskonsablite orijin nan tout orijinalite l. Marengwen pa sòt. Tandike se sotiz avègleman iyorans ki koz malè pèmanan tout kolonize idolat. Mo vokabilè ak reyalite VEYE pa pote pyès sans pou kolonize idolat la. Mo sila pa aplike ni aplikab pou li. Okontrè se lapriyè lap lapriyè pou kolon predatè parazit la boufe l – pou l ka santi limyè fyète l linen – byen emouse.

Pe-enpòt jan kolonize idolat la retrouve l – se toujou pou malè l. Jantiyès prezantasyon teyatral marketing kolon an pap chanje anyen nan vizyon anbisyon anba bèl pawol imanite imanitè lanmou. Tout sa se teyat pou yo ka degiste odepan fèb despri : bon lèt ak bon myèl sou do enbesil ere. Sa rele bèl kominyon nan reyalite yon lavi predasyon.

Fè mal pa gen dòmi anpè. Predatè predasyon toujou byen dòmi – se sou prensip lavi li kanpe. Sourit nan vant chat – fè chat byen dòmi. Ravèt nan gòjèt poul – fè poul byen kouve.

Zandolit pa janm fè bri lè lap mache. Men – an verite li konnen rezon n. Zafè sa ki pa wè lè l rive.

Epi ! Epi ! Se Bondye ki banou ren pou gwouye bon gwouyad – sa ki pa vle gwouye – pinèz a gwouye pou yo.

Nou-Menm DAHO : Se veye nap veye sou tout reyalite – sou tout kondisyon. Sitou nap veye nan kiltive pwòp reyalite pa nou – avek yon anbisyon san limit pou nou domine kanpe sou devan tout pretansye pretansyon. Sou latè se pwenn fè pa. Sa-a nou konnen l byen. Veye se wè klè ! Wè klè envoke byen aji.

An nou reflechi ansanm. Ayibobo !

28 novanm 2017.

Joseph Pierre Léonard

Hougan mesaje – ibo-thérapeute

Prens d’Aisso, Bénin.