RENMEN BONDYE MANDE VIJILANS

DAHO-VODOU

Manje w renmen – se ladann yo ka anpwazone w. Boutèy tafia w renmen – san vijilans atansyon li ka mennen w anba-tè san ajenda. Fanm w renmen – san konpreyansyon se li ki ka touman w. Gason w renmen – san atansyon konpreyasyon se li ki ka fè tèt w pati. Tout sekirite tren se sou ray li. Epi ! Se toujou sou ray li – li ka deraye. Se ti-ròch nan pitimi ki ka kase dan nan bouch w. Se mòpyon ki nan fouk w ki ka fè w  grate. Tout okipasyon reskonsablite w se pou w. Lavi sou latè se veye – se kanpe sou gad.

Sa ki ka konprann ya konprann – Sa ki pa ka konpran na veye sou yo.

Moun lakay nou renmen Bondye anpil – lanmou renmen sila mande anpil refleksyon – anpil envetisman entelijant. Paske kote fòs w chita – se la w dwe dekouvri feblès la. Pèp nou an – ras nou tèlman renmen Bondye – se li yo fè tounen avèglman yo – se Bondye sila menm ki tounen pwen iyorans yo. Jan yo toujou ap di : Lanmou ka rann avèg lè w pa rive kanpe sou gad vijilans ak entelijans. Zwazo – menm ti zwazo ki parèt tout zwit la – li pa janm twonpe nich – li toujou sou gad vijilans li nan kapasite idantifye ki predatè ki menase sekirite lonjevite byenfé lavi l.

Pèp bò lakay tèlman renmen Bondye – li pa rive ak kapasite entelijans idantifye tout sòt – tout fòm predatè ki menase byenfè egzistans li. Se baryè Bondye menm li kite louvri san siveyans. Li fè ni Bondye ni entelijans Bondye ki nan li tounen kakaje. Tou sa paske sa ki pou ta prwoteje yo tounen anpwazonè Nanm – se yo ki tounen predatè mèsenè arivis paveni – san-wont – san avni.

Sa vle di : Pèp nou an asyeje pa anpwazonè Nanm.

Ankò – nou ka di : Zafè Bondye-a tèlman sakre nan lavi pèp ras nou an – sela nou dwe chita reflechi pou nou ka rive wè kouman lanmou Bondye ka reyèlman yon benediksyon pou nou. Pou Benediksyon rive blayi sou nou – nou dwe ekate tout pichon – tout vèmin – tout parazit kap detwi Verite Nanm Nachon an.

Nou pa bezwen lonmen non. Paveni abizè parazit yo – yo konnen trè byen se yo kap fè travay malonèt sila nan alimante ego egoyis. Tèt yo vire – lòlòy yo vire pou lajan. Machann  Bondye yo ye – kap lote nan fo-mamit.

Nèg sila yo – yo malonèt anpil – nan detwi yon nasyon pou pen kotidyen malonèt-te.

Antouka ! Pa bliye se nan nou Zansèt nou yo te envestis sakrifis lesperans yo – pou respè diyite bonè nou te ka fleri.

Lè-a rive pou nou fè yon poz pou-n keksyone veritab verite enpòtans Mistè-Bondye nan nou – pou nou ka retrouve vré chimen an – chimen diyite bonè jwisans richès pou ki laye nou nan abondans lavi.

Lè na rive ramase kalite entelijans lavi nou – kalite spirityalite nou – lè sa-a nou rive konnen : Nou se Bondye – Nou se Bondye nan Bondye. Tout vèmin parazit ap oblije dekanpe.

An nou reflechi ansanm. Ayibobo ! 23 janvye 2018.

Joseph Pierre Léonard

Gangan mesaje / ibo thérapeute

Prens d’Aisso de Zè du Bénin