FÈZÈ DEKONT

DAHO-VODOU
FÈZÈ DEKONT

Pou sa nou wè – pou sa nou tande.
Se bouch-be.
Se pa tout sa nou tande pou n repete.
Se pa tout sa nou wè pou n pale.
Fèzè kon n fèzè – nou pa oblije tripòt.

Syèl la wè – li pa pale.
Latè wè – li pa pale..
Van vante – li pase nan tout fant – li rete bouch-be.
Rivyè pase – li ramase – li pote ale
Li pa jan m repete zafè zòt.
Se pase li pase – se pase li pase ale.
Chalè anba tout zesèl – li anba tout chodyè
Li pa janm plenyen pou odè.
Nou wè kantite zafè ki gen sou latè.

Ant syèl ak latè.
Mòn kon mòn – li pa pale zafè plato ni vale.

Antan moun fèzè – nou tout ka di sa nou wè.
Nou tout ka di sa nou tande
Sa pa vle di pou sa – nou se fèzè dekont.
Pou n evite di – nan pale zafè zòt
An n kite Bwa-piwo pale nan plas an nou.
Fè respè lasajès – pa kapon pou sa.

Bwa-piwo di : Li wè moun move-zafè
K ap kriye devan kadav alonje viktim
Jiska pote dèy chagren doulè
Pandan en-nan twa-jou.
Li wè aksyon dega zèv mal-palan fèzè tripòt
Ki simaye malè ak tout revè mechanste.
Lè santans jistis lavi mete men sou yo
Yo pa rive konprann ni sezi sa k ap pase.

Bondye pa nan zafè jistis ni santans
Se polisyon lizaj nou fè ak Enèji Nanm
Ki flanbe reyonnman vè-lanp nou.
Anfen n kont : Se toujou tan ki mande regleman pou pèman faktirasyon Zèv.
Niyaj k ap pase – pa janm di ki sa li pral regle. Poutan li pote chay – li pote langaj.

Limyè renmen rantre – foure kò l tout kote.
Poutan se Tenèb ki kenbe gade sekrè.
Se pa Tenèb ki al chache konnen
Se Limyè ki mennen pote ba li.
Sa ki bèl nan jistis santans Tan-an
Wè pa wè – tande pa tande – wap peye.

Sa ki vle fè – fè non.
Men m marengwen gen plen pouvwa zèv li.
Men li pa janm panse – sa pataswèl pare kite pou li.
Gen moun ki te konnen – gen moun ki pat konnen. Ayibobo!

5 avril 2025.
Joseph Pierre Léonard
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Baykou reklame