DAHO-VODOU
KALFOU A POU NOU TOUT
KALFOU A POU NOU TOUT
Ô Mèt Kalfou
Kalfou tout bon – Kalfou kondisyon
Kalfou regleman.
Nou konnen : Se pase yo pase
Nan Kalfou.
Pa gen rete chita ni pèdi tan.
Sa k ap regle – regle – pase ale.
Sa k depoze – se piga.
Kalfou a pou nou tout.
Depoze chay – ramase delivrans.
Chak mache vini – pase ale
Sou kondisyon pwen regleman.
Ô Mèt Kalfou
Kalfou tout bon – Kalfou kondisyon
Kalfou regleman
Se w ki konn kote n sòti
Kote n prale – kote n ka rive.
Doba – doba – n ap pase – n ap rive.
Ayibobo!
5 avril 2025.
Joseph Pierre Léonard
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Bayakou reklame